Imajine sa:
Lavi w se yon match foutbòl.
Abit la sifle (fliiiiitttttttt), epi match la kòmanse.
Ou wè w nan yon gwo estad,
Ou gen ekip ou avè w,
Ou gen espwa jwe yon bèl 90 minit boul,
Tan ap pase, men w poko ka konprann jwèt la…
Se jwè nan ekip ou a kap sipòte w jiskaprezan,
men sipò yo a pat sifi pou anpeche w pran yon premye gòl,
Biwww. Advèsè a make.
Lavi gentan ap mennen 1 a zewo sou ou.
Li pa grav, paske nou nan 15 minit e ou kòmanse konprann jwèt la.
Rete tan toujou.
Ou gen espwa egalize.
An plis, yo te di w ke w se yon jwè ki gen bèl avni.
Wap jwe byen,
Wap defann ekip ou,
Wap chache opòtinite pou w fè gòl.
Tout bagay ap byen dewoule.
Epi Biwww,
Lavi frape w ankò. 2 a zewo.
Yon lòt gòl nan 18 minit.
Kè w kòmanse sote, paske egalizasyon an konplike la.
Kòmsi sa pat ase…
Ou menm ki te panse aprè 18 minit presyon an tap bese.
Advèsè a di: “EPA LA”
Li kòmanse jwe bosal avè w.
Wap pran kou.
Wap tonbe.
Ou santi w ka blese bonè nan match la.
Wap fè atansyon.
Men ou pa ka di w pap jwe ankò. Se match lavi w.
Kòmsi sa pat sifi,
Abit la pran yon desizyon ke w pa ka konprann.
Li bay yon jwè ki tap ba w bèl pas yon katon wouj san li pat merite sa.
Ou vinn remake sa ka rive w tou…
Abit la konn fè erè, ou ka viktim menm si w toujou respekte règ jwèt la.
Wap jwe byen, yap jwe di.
Wap defann, yap ba w kou.
Wap plenyen, abit la pa di anyen.
Se match ou. Se ou ki pou sove tèt ou.
Nan 23 minit. Ou pran yon twazyèm gòl.
Men nan tèt. Ou gen enkyetid.
Espwa w ap diminye, men ou pa ka pèdi’l nèt.
Ou kwè toujou.
Moun ki nan stad la panse w nayif pou motivasyon w.
Men ou pa enkyete w de sa yo panse.
Gen moun ki konn fèl deja,
Egalizasyon an posib.
Remontada posib.
Ou ka fèl tou.
Wap kontinye jwe, epi wap analize jwèt la an menm tan.
Ou vinn reyalize yon bagay ki fè w mal…
Ou tap jwe nan move kondisyon.
Match la te deja pat nan avantaj ou.
Wap jwe sou yon move teren.
Ekip ou a pa gen gwo jwè ladann.
E Yo mete w nan yon pozisyon ke w pat menm konn jwe avan.
Sak pi di a,
Gen jwè ou te panse ki nan ekip ou men an reyalite kap jwe anfas ou. (Advèsè ki degize)
Sa fè w mal, men li pa dekouraje w.
Ou kwè toujou.
Nan 25 minit, ou oblije pran pi gwo desizyon.
Se ou ki jwè, se ou ki kotch, se ou ki kapitèn.
Se match lavi w.
Ou deside chanje taknik.
Ou deside ranplase kèk jwè.
Ou deside sispann fokis sou feblès ou ak sa ki pa sou kontwòl ou.
Ou kòmanse jwe ak tout ou menm.
Yap mennen sou ou.
Men ou gen espwa.
Yap ba w move kou.
Men ou gen espwa.
Piblik la pa sipòte w.
Men ou gen espwa.
Espwa w pap fini toutotan match la pa fini.
Menm si w ta pran katon wouj,
sa pap deranje w e lespri w ap an pè,
paske wap konnen ou te bay tout ou menm.
E sa se yon bagay ki dwe rann ou fyè.
Rete tan toujou.
Ou pa ka bay advèsè a genyen.
E ou pa ka sispann jwe.
Kounya mwen gen yon grenn kesyon pou ou.
Ki taktik ou pral itilize pou w ka egalize epi ranpòte viktwa?
Nenpòt sa w deside a,
Sonje gen moun kap chofe pou ou.
Yo pa anpil, se sak fè w pa tande yo.
Se sèlman si w ranpòte viktwa wap konn moun ki te vrèman swete ou genyen yo, ak moun ki tap fè sanblan pandan nan fon kè yo, se echèk ou yo tap tann.
Se ou ki ka deside kiyès kap gen rezon o final.
Boul la nan pye w.
Jwe.
Na pale.
Duvenson
PS: “Leson mwen tire de match pam nan”
Match chak moun ap diferan.
Pa chache aplike menm taktik ak moun ki pap jwe menm match avè w.
Reponn email sa oubyen kòmante ak leson ou tire de match pa w la.