Atik jodia ap kout.
Sak fè sa?
Aprè plis ke 7 lane ap li liv epi eseye swiv plizyè metòd sou devlopman pèsonèl (ki se fason yo dekri kategori travay, moun kap chache amelyore lavi yo.)
Mwen dekouvri yon bagay.
Li se estrateji map itilize pèsonèlman poum ka toujou rete sou wout mwen vle a epi pa kite moun fèm santim mal sou fason mwen chwazi viv.
Mwen pa la poum pale de tèt mwen.
E li tap fasil poum di w mwen pral montre w ki pi bon fason pou w viv.
Men se pa sa lap ye.
Olye de sa, map pataje yon sekrè avè w.
Fason mwen viv la pa pi bon fason pou w viv la.
E pa gen yon pi bon fason pou w viv vre.
Sim tap eseye mete youn, se sam tap di…
Pi bon fason pou w viv la se sispann chache pi bon fason pou w viv.
Paske an reyalite,
Tout chwa w fè gen sakrifis.
Anpil moun renmen pale de balans, pou pale de moun ki rive melanje travay ak plezi.
Men sa yo bliye se ke balans lan se yon sakrifis tou.
Si w melanje travay ak plezi, se vre ou rive fè tou 2, men ou pa ni travay, ni pran plezi a 100%.
E si w chwazi fokis sou travay chak jou, ou pap toujou nan pran ‘plezi’.
E si w priyorize pran plezi, ou pap toujou jwenn rezilta yon moun kap travay.
Nan ‘La cigale et la fourmi’ ki se fab La fontaine ekri pou montre ke foumi an ki tap prepare pou move moman te gen rezon, alòske ‘Cigale’ ki tap pran plezi li a te gen tò.
Li fèm panse ak yon kesyon.
E si se te fen lavi yo tou 2 a ki te rive?
Kiyès ki tap gen rezon?
Moun ki tap sere tout sal genyen an (Fourmi), oubyen moun ki tap jwi lavi li a (Cigale)?
Sa ka fè w repanse sou leson moral ki genyen nan fab la.
Men an reyalite,
pa gen yon pi bon repons,
paske pa gen moun ki konn sa ki pral rive demen.
Sa ki pral nesesè, se pou w konsyan de konsekans aksyon w yo.
Si w chwazi pran plezi w olye ou travay, wap gen bèl souvni de moman yo e ou pap gen menm kantite resous (lajan) ki rete paske w patap travay.
Si w chwazi travay olye w pran plezi, wap gen plis resous (lajan) pou w sèvi nan rès jou ki pou vini yo, e souvni wap genyen yo se sèlman de moman ou tap travay di yo.
Tout moun fè chwa pa yo.
Tout moun gen opinyon pa yo.
Tout moun gen pozisyon pa yo.
Pa fè chwa nan lavi w pa rapò ak sa moun ap di.
Fè chwa nan lavi w pa rapò ak konsekans ou ka asime.
Respè,
Na pale.
Duvenson “KAYZENN” Metellus
PS: Mwen anvi konnen kisa w panse epi aprann kisa w ta renmen mwen plis pataje nan newsletter. Pa ezite reponn email sa ak sa ki pase nan lespri w.
Bon travay Kotch, Mwen ta vle ou fokis sou Devlopman pèsonèl ak Rezotaj
Pour lòt post yo .. parle nou de business ak développement personnel