Majorite moun vle lanse biznis.
E gen plizyè rezon posib:
Pou yo ka ogmante lajan yap antre.
Pou yo ka viv de pasyon yo.
Pou yo ka kontwole tan yo.
Rezon pa w la ka diferan.
Ou ka vle sispann travay pou lòt moun.
Ou ka vle konstwi yon bagay ki pote non’w.
Ou ka vle rezoud yon pwoblèm nan kominote a.
Nenpòt sa rezon an ta ye,
nap dakò sou yon grenn bagay:
Ou ta renmen konnen kijan pou w kòmanse.
Mwen pa pral di w ki tip biznis ki pi bon.
E mwen pa pral di w se sam fè a ou dwe fè tou.
Mwen vle pataje prensip yo avè w.
Paske prensip sa yo mache pou nenpòt tip biznis ou vle lanse a.
Moun ki gen ti biznis ka swiv yo.
Moun ki gen gwo biznis ka swiv yo.
Moun ki vle bati gwo ekip ka swiv yo.
Moun ki vle kòmanse poukont yo ka swiv yo.
Yo senp e yo efikas.
Men 7 eleman ki pral ede w lanse premye biznis ou:
1. Odyans
Nan lekòl biznis.
Nan seminè sou biznis.
Nan kou anliy sou biznis.
Wap toujou tande yo di w kòmanse ak sa:
Yon etid sou mache a.
Fòk ou chache konprann gwoup moun ou vle ede yo.
Nan ka pa nou an nap rele li odyans,
Paske nap priyorize sou biznis anliy.
a- Detèmine yon gwoup moun ke w ta renmen ede.
b- Kreye yon pwofil moun ideyal ou vle ede a
c- Itilize metòd FRED pou w ka konprann odyans ou an.
F- Fear → Sa moun nan pè
R- Results → Rezilta moun nan ap chache
E- Expectations → Sa moun nan atann
D- Desire → Dezi moun nan genyen
d- Kreye kontni pou w ka atire gwoup moun sa
2. Pwoblèm
Plis wap atire odyans sa,
Se plis wap remake yon bagay.
Yo ta renmen jwenn plis toujou, paske yo chaje pwoblèm ke yap chache rezoud.
Travay ou kounya se idantifye yon pwoblèm ke w ka kreye yon solisyon pou li.
Pale avèk yo. Poze yo kesyon. Mande yo kisa yap konfwonte.
Plis ou entèraji ak odyans lan, se plis yap prè pou yo di w kisa yap chache.
Ou dwe fokis sou yon pwoblèm spesifik.
3. Lide
Pwoblèm ou vle rezoud la se yon pati.
Dezyèm bagay ou dwe konsidere se fason ou pral rezoud pwoblèm sa.
Solisyon an.
Pwoblèm nan ak solisyon an reprezante lide biznis ou an.
Gen plizyè fason ou ka chwazi rezoud pwoblèm sa.
a- Ou ka kreye yon pwodui
Pwodui a ka fizik oubyen li dijital.
b- Ou ka kreye yon sèvis
Sèvis la ka:
1- Yo fèl poukont yo → Konsiltasyon
3- Ou fèl avèk yo → Coaching
4- Ou fèl pou yo → Ajans
Chwazi youn ki adapte ak pwoblèm ou vle rezoud la,
epi pase nan pwochen etap la.
4. Validasyon
Pa lanse yon biznis san w pa valide lide a.
Sa rive souvan,
Yon moun ki renmen yon bagay epi li panse tout moun ap renmen’l tou.
Epi lè li al eseye vann ni, li wè pa gen moun ki te entèrese vre.
Pa okipe zanmi w kap di w kouri lanse yon biznis pou w lanse’l.
Menm si yo toujou achte nan men w, sa pap sifi pou biznis la grandi.
Ou dwe fokis sou mache a, gwoup moun ou vle ede a.
Se yo menm ki pou di w si lide w la bon.
Pou w ka valide lide w la,
Gen plizyè metòd ou ka itilize.
Ou ka gade si gen moun ki fè li deja epi sa mache byen pou yo.
Ou ka pale ak odyans lan pou w mande yo eske sa tap iti’l yo.
Ou dekri solisyon an pou yo, mande yo kijan sa tap chanje lavi yo.
Enfòmasyon sa yo pral ede w anpil lè w pral fè pwomosyon.
5. Lis d’atant
Lide w la valide.
Ou konnen ou ka kreye solisyon an kounya paske gen moun ki bezwen’l.
Kounya, ou pral kreye demand pou solisyon w lan.
Toujou sonje sa depi w panse ak biznis.
Se yon prensip ekonomik. Sa w ofri a (òf la) ak kantite moun ki bezwen li (demand lan)
Se sak fè avan ou kreye solisyon an (òf la)
Ou dwe kreye demand pou li.
Ou ka fè sa ak yon lis d’atant.
Fason ou pral ankouraje moun yo antre nan lis d’atant lan,
se gras ak avantaje ke w pral ofri yo.
Ou ka di tout moun ki nan lis d’atant lan ap jwenn yon pousantaj rabè lè pwodui a lanse.
Ou ka di moun ki nan lis d’atant lan ap jwenn yon kado anplis.
Chache yon bagay ou ka ofri moun yo kap ankouraje yo entegre lis d’atant ou an.
Depi w gen yon lis ki fè sans pou ou.
Se la ou pral antre nan kreyasyon.
6. MVP
MVP. Minimum viable product.
Li vle di yon ti vèsyon de pwodui w la ke moun ka kòmanse gade, achte epi reyaji sou li.
Ann di ou te vle vann tenis:
Ou pa ka di w pral vann yon tenis si moun nan poko janm wèl.
Ou pa ka di w pral achte 10 000 tenis mete la san poko gen moun ki di w yap achte.
Se sak fè w dwe gen yon MVP.
Li ka menm yon grenn tenis oubyen 2 twa grenn ke w pwodui mete la.
Wap ka montre kliyan potansyèl ou yo.
Wap ka montre envestisè wap prezante pwojè w la.
Wap ka itilize’l pou w bay moun yo yon avan gou de pwodui a.
Nan kad yon sèvis oubyen yon biznis anliy.
Wap kreye yon vèsyon ki senp e ki fonksyonèl de sa w vle kreye a.
Si se yon aplikasyon, ou ka mete yon grenn fonksyonalite oubyen yon prezantasyon de kijan aplikasyon an pral fonksyone.
Lide mwen vle pataje a se ke:
Ou pa dwe janm al envesti yon pakèt lajan ak yon pakèt travay nan yon pakèt pwodui, apresa pou w reyalize pa gen moun ki bezwen li.
Yo ka bezwen yon koulè diferan.
Yo ka bezwen fonksyonalite diferan.
Yo ka bezwen yon vèsyon ki pi senp tou.
Ou dwe kite odyans lan di w kisa li pi renmen,
apresa pou w pote’l pou li.
E se konsa wap kontinye grandi biznis ou a nèt.
Pati sa rele: Iterasyon.
7. Iterasyon
Wap souvan tande antreprenè ap di w:
Iteration is the name of the game. (Jwèt la rele iterasyon)
Sa vle di biznis baze sou iterasyon, ki vle di wap eseye yon nouvo fwa nan yon fason ki diferan.
Instagram te konsa avan:
Netflix te konsa avan:
YouTube te konsa avan:
Yo pat tou fèt nan pozisyon wap gade yo jodia.
E se paske yo te fokis sou prensip sa.
Iterasyon.
Menm si w pa kòmanse nan yon bon pozisyon jodia, depi wap kontinye amelyore pa rapò ak feedback ou jwenn yo, ou ka sezi wè nan ki pozisyon ou rive.
Bonis: ou rete yon grenn travay pou w fè:
Fè pwomosyon epi grandi
Lè w konnen solisyon w lan bon.
Epi gen moun ki vle peye w pou li.
Travay ou kounya se chache kote moun sa yo ye.
Epi ba yo yon bèl ekspeyans de solisyon w lan pou w fè yo fou.
Si w vle kòmanse fè pwomosyon biznis ou an gen 9 eleman ou ka konsidere:
E map pataje yon checklist gratis avè w pou w ka konn tout etap yo:
Ou pral swiv 3 faz, epi wap ajoute 3 eleman nan chak.
Faz 1 ki se preparasyon:
1- Mache → Gwoup moun ou sible a
2- Mesaj → Pwoblèm wap rezoud pou yo a
3- Medya → Kote ak fason wap atire moun yo (egzanp ak videyo sou IG)
Faz 2 a ki se egzekisyon:
1- Atire → Fason w pral atire atansyon moun sa yo (li ka ak kontni gratis)
2- Nouri → Fason ou pral bati relasyon ak odyans lan
3- Konvèti → Fason ou pral ofri odyans sa pwodui ak sèvis ou yo
Faz 3 ki se amelyorason:
1- Delight→ Kijan w pral fè kliyan damoun pwodui w la
2- Ogmante LTV → Kijan wap fè kliyan kontinye achte nan men w
3- Referans → Kijan w pral fè kliyan sa mennen plis kliyan
E se lè sa wap konnen biznis ou an ka grandi rapid: Lè kliyan w yo tounen pi gwo ajan maketing san se pa ou ki fòse yo.
Jan mwen te pwomèt li a:
KLIKE LA pou checklist kap ede w swiv etap sa yo pou w lanse biznis ou.
mwen swete atik sa itil ou, epi ou te aprann omwen yon nouvo bagay.
Nap kanpe la pou jodia.
Respè,
Duvenson METELLUS (Kreyatè KAYZENN)
PS:
An palan de lis d’atant, map kreye yon pwodui kap ede anpil nan nou ki renmen aprann men ki pa gen tan pou li liv chak jou.
Mwen swete kreye vèsyon ki pratik e ki senp ke wap ka aprann nan 10-15 minit pou w ka avanse pi rapid.
Solisyon an senp:
Map kreye vèsyon rezime pratik de liv ki pi enfliyan ak pi itil yo daprè rekòmandasyon pi gwo antreprenè yo epi eksperyans mwen.
Si sa se yon bagay kap entèrese w,
Map kreye yon gwoup whatsapp kote map pataje tout etap yo ak sa mwen kreye yo pou w ka banm kritik sou li epi ede mwen amelyore’l.
KLIKE LA POU W ENTEGRE GWOUP LA.