Bat pou w pa pran nan pyèj sa (si w vle chanje lavi w)
Verite ki kache sou devlopman pèsonèl...
Mwen sonje lèm te fenk ap dekouvri devlopman pèsonèl.
Li te tankou yon dwòg.
Li te fèm santim byen.
Li te fèm santi map avanse.
Li te fèm santi siksè a dèyè pòt la.
Jiskaske… tankou yon kalòt mwen pran san’m pa konn kote li soti.
Bawwww. Reyalite a frape’m.
E se lè mwen reyalize mwen te pran nan pyèj.
Leve bonè
Al nan gym
Fè lekti souvan
Tande podcast
Ak anpil lòt bagay ou konn tande modèl prefere w yo ap ankouraje w fè yo.
E map mete w alèz…
Mwen responsab sa tou nan kontni map pataje yo.
Lap depann de moun kap gade a.
Anpil nan nou ka di mwen pale de devlopman pèsonèl.
E si w prete atansyon,
se kòmsi mwen tap envite w tonbe nan menm pyèj mwen te pran.
Mwen tap mechan pa vre?
E’w tap gen tout rezon pou w di sa.
Kòm mwen pa vle sa rive,
ban’m eksplike w poukisa:
Bon abitid sosyete a ankouraje yo ka pote pi move rezilta.
Dezyèm bagay ki pi mal ke yon moun kap fè bak, se yon moun ki nan ilizyon ke la’p avanse, poutan lap make pa sou plas. Mouvman pa vle di pwogrè.
Pou nou tounen nan istwa mwen an,
Men sa ki te rive:
Mwen pase plizyè lane ap swiv anpil nan konsèy ki nan liv, videyo, atik ak pòdkas.
Men lavi’m pat janm chanje an reyalite.
Mwen tap fè mouvman, men mwen patap avanse.
E se sa mwen vle w evite.
Li fasil pou w tonbe nan pyèj la.
Yon premye liv ou dekouvri.
Yon premye otè ou dekouvri.
Yon premye chanèl YouTube ou dekouvri, ka mennen w nan twou san fon sa.
Paske plis wap konsome kontni sa yo, plis wap santi w byen, plis wap anvi konsome yo, plis wap chache santiman pwogrè a.
Men se sa li jis ye an reyalite… Yon santiman.
Se pa vrè pwogrè.
Sa pa vle di pou w pa travay sou tèt ou.
Sa pa vle di pou w pa devlope bon abitid.
Sa pa vle di kontni devlopman pèsonèl yo pa itil.
Men sam vle di:
Majorite liv devlopman pèsonèl ki popilè,
se paske otè a devlope yon resèt ladann.
Li ba w yon kantite aksyon ki byen defini pou w swiv.
E se la pyèj la ye.
Si devlopman pèsonèl te yon kizinn, kote yap aprann moun fè manje.
Kiyès ou panse ki tap aprann pi byen?
Moun yo bay yon resèt poul swiv etap pa etap la?
Oubyen moun ki aprann kijan poul sèvi ak chak engredyan poul devlope resèt pal?
Mwen garanti w se moun ki chwazi aprann tout engredyan yo.
Paske ou konn sa kap rive?
Moun ki aprann resèt la, depi li manke yon engredyan tèt li pral cho.
Li pap konn sa poul fè nan lòt sitiyasyon.
E se sa ki te rive’m.
Mwen te konn yon pakèt resèt.
Men lavi te lage’m nan yon kizinn kote ki pat gen youn nan engredyan mwen te dwe itilize yo.
Wap konprann pi byen si w fè fas ak sitiyasyon sa yo:
Yon moun kap ba w konsèy sou finans kap di w envesti nan stock market pandan wap viv Ayiti.
Yon moun kap di w retire tout moun ki negatif nan antouraj ou pandan moun sa yo se pwòp fanmi w.
Yon moun kap di w manje 3 fwa pa jou, epi dòmi 8èd tan, pandan w gen 2 travay epi w gen plis responsabilite ke mwayen pou w konble yo.
Ou gentan wè kote’m vle rive.
Konsèy la ka fè sans, men li pap bon si li pa aplike pou kontèks ou a.
E jan nou tout konnen an:
konesans tout moun diferan.
Antouraj tout moun diferan.
Resous tout moun diferan.
Eske w panse abitid tout moun ka menm?
Jamè.
E se pou sa map pwopoze w yon nouvo apwòch pou w devlope tèt ou.
Yon apwòch kap ede w chanje lavi w nan nenpòt kondisyon ou ta gen pou w kòmanse a.
LIFESTYLE DESIGN.
Se yon konsèp Tim Ferris devlope.
Li vle di fason w pral planifye lavi w kap adapte ak kondisyon wap viv yo.
Rezon ki fè li puisan, se paske li baze sou bagay ki vrè pou tout moun.
Se pa yon resèt ou pral swiv etap pa etap, men yon kantite engredyan wap ka itilize pou w fè manje pa w la nan fason ki pi gou nan bouch ou a.
Pou kòmanse, fòk ou konsidere 3 aspè ki pi enpòtan nan lavi yo.
Sante. Richès. Relasyon.
Pou chak kategori wap mete 3 eleman.
Sante:
Fizik
Mantal
Spirityèl
Richès:
Lajan
Misyon
Pwogrè
Relasyon:
Amoure
Fanmi
Zanmi
Nenpòt moun ou ye a, wap gen majorite kategori sa yo, poum pa di tout.
Si gen youn ou pa vle konsidere, jis retire’l men sa pap chanje anyen nan pwosesis nou pral swiv la.
Kounya ou finn gen tout kategori yo,
Ou pral analize lavi w.
Pou chak kategori, wap mete yon nòt ki soti nan zewo pou rive nan dis (0-10)
Men yon egzanp:
Nan ka pa nou an, kategori yo diferan.
Kounya, lè w finn konnen ki aspè nan lavi w ki merite amelyore.
Wap mete yon nan lòd priyorite ou genyen yo.
Epi w pral defini 2 kategori pou chak:
sa ki sou kontwòl ou ak sa ki pa sou kontwòl ou.
Paske w ka santi w paralize si gen yon bagay ou vle chanje nan lavi w men li pa sou kontwòl ou.
E plis ou fokis sou sa ki sou kontwòl ou, se plis yap ogmante.
Kidonk pi bon chwa se fokis sou sa w ka kontwole.
E se la ou ka vrèman kòmanse travay sou tèt ou.
Ou konn kisa ki priyorite w.
Ou konn kisa ki sou kontwòl ou
Wap ka itilize filozofi KAYZENN nan pou w ka fè premye pa yo.
Aprann. Aji. Amelyore.
Kategori pa kategori.
Priyorite pa priyorite.
Wap kòmanse avanse.
Aprann tout sa w kapab sou kategori ou vle amelyore a.
Ann di priyorite w se lajan.
Premye etap la se aprann.
Tout sa w pa konnen, gen yon moun ki konnen yo deja e ki ekri liv oubyen atik sou yo.
Aprann kijan pou w fè yon bidjè.
Aprann kijan pou w kòmanse antre lajan oubyen antre plis.
Aprann kijan pou w ekonomize lajan.
Aprann kijan pou w miltipliye lajan.
Pa tonbe nan pyèj pou w jis ap konsome enfòmasyon.
Gen moun ki bloke nan etap sa sèlman.
Paske li pi fasil pou w aprann ke pou w aji.
E pafwa aprantisaj la konn fè w santi wap fè aksyon.
Poutan wap make pa sou plas.
Dezyèm etap ou a se AJI.
Itilize règ 30/70 lan.
Pou chak 30 pousan enfòmasyon. Fè 70 pousan aksyon.
Ou finn aprann kijan pou w fè yon bidjè,
bay tèt ou 30 jou pou w kontwole kijan w depanse,
epi swiv tout sa ki nan bidjè a.
Mete kantite pou transpò.
Mete kantite pou kay.
Mete kantite pou manje.
Mete kantite pou plezi.
Mete kantite pou w sere.
Mete kantite pou w envesti.
Si li pa posib pou w gen tout kategori sa yo,
mete sa ki priyorite yo.
Toujou kòmanse ak priyorite w.
E pou w fini,
ou pral pase etap ki pral fè diferans ant moun ki reyalize gwo bagay yo ak moun ki pa janm rive fè premye pa yo.
Ou pral fokis sou amelyore.
Analize kijan eksperyans ou an te ye.
Eske gen yon kote ou te ka depanse mwens?
Eske gen yon kote ou te dwe depanse plis?
Eske gen yon mwayen ou te ka antre plis lajan?
Tout sa yo pral ede w konprann:
Ki nouvo enfòmasyon ou dwe chache aprann.
Ki nouvo aksyon ou dwe fè ak aksyon ou dwe repete
E lè w finn rezoud pwoblèm ki te priyorite w la,
wap tounen nan kategori yo epi mete yon nouvo priyorite.
Kategori pa kategori.
Priyorite pa priyorite.
Etap pa etap.
Wap santi w sou bon wout la.
Wap santi w finalman kòmanse chanje lavi w.
Paske w pap jis chwazi ale nan gym 5 fwa pa semèn paske se sa yo ankouraje w, poutan ou pa menm gen mwayen pou w kontinye peye gym nan.
Wap vinn konprann li pi estratejik pou w fè egzèsis lakay ou pandan 30 minit,
epi pase plis tan nan travay pou jiskaske w ka amelyore fason wap viv.
Pi gwo pyèj la se lè w eseye viv tankou tout moun, pandan ou pa nan menm kondisyon ak tout moun.
Chache konprann ki engredyan ou gen nan men w, avan pou w deside ki pla ou pral manje.
Mwen swete sa pral itil ou pou nouvo ane sa,
mwen te pran plezi nan ekri’l e sa ap fèm plezi si w reponn email sa pou w dim kisa w panse ak kijan w konte aplike’l.
Se te Duvenson METELLUS (kreyatè KAYZENN)
Na pale.
PS:
Si w vle entegre pwochen sesyon bootcamp kote map pataje tout sam konnen sou:
Copywriting
Kreyasyon kontni
Maketing dijital
Jesyon rezo sosyal
Nap kòmanse 11 Janvye.
Ekri’m sou whatsapp pou w ka jwenn tout detay.
KLIKE LA.
🔥🔥🔥