Avan nou komanse,
Mwen vle onet avè w.
Sa se premye eksperyans map fè ak nouvo fòma Newsletter sa.
Sa pi senp pou ekri e lap edem rete konsistan.
Map toujou pataje lòt fòma,
men ak sa, wap gen garanti ke wap jwenn omwen 1 atik chak semèn.
Foma sa rele 7:01
7 Lide ke wap ka itilize youn chak jou pandan semèn nan.
Podcast
Liv
Videyo
Aplikasyon…
Tout sa mwen dekouvri e ki ka itil ou.
Sam pi renmen an ap #1.
7- Yon aplikasyon kap ede w vinn 10X pi entèlijan.
Sa rive w deja?
Ou gen yon videyo, yon atik, yon lyen ou jwenn sou entènèt la,
ou konnen lap itil ou anpil, men ou pa konn kibò pou w sere’l.
Pafwa ou voyel nan mesaj bay tèt ou,
pafwa ou sere’l nan nòt telefòn ou.
Vrè pwoblèm nan se lè w bliye kote w te mete’l.
Aplikasyon sa rezoud pwoblèm nan:
MyMind
Mwen dekouvri’l nan yon tweet Pierre Stanley Baptiste.
Li ede w sere tout sa w jwenn sou entènèt la,
Li tou oganize yo.
6- Yon liv kap chanje fason w wè lavi
Si w bezwen fèm kouri al li yon liv,
Fè plizyè moun map swiv poste’l online.
Se konsa mwen te dekouvri liv sa,
E chak moun gen yon sèl komantè: Just li liv la epi wap renmen’l.
Mwen chache liv la,
Mwen pase 2-3 sware ladann.
Mwen menm al tande podcast sou li poum te konn kijan’l fini.
Si w pat li’l deja, mwen baw garanti lap itil ou.
HOW TO LIVE by DEREK SIVERS
5- Epizod podcast kap ede w kreye richès
Si gen yon bagay mwen renmen fè,
Se aprann de moun ki fè pi gwo reyalizasyon yo.
Mwen te tande pale de youn nan liv li yo deja,
men semèn sa mwen te komanse li liv li a,
epi tande podcast sou istwa J. Paul Getty,
Se te yon milyadè nan epòk petwòl te pi gwo biznis nan mond lan.
Si w konprann anglè,
Men 2 epizòd podcast,
Youn sou lavi’l:
Youn sou kijan li kreye richès:
4- Yon Masterclass sou Marketing
Maketing pa vle di pou wap plede pale de pwodui w la.
Depi w ka kreye emosyon, ou ka fè mesaj ou an pase.
3- Yon quote pou w metrize biznis
Aprann vann, aprann kreye. Si w ka fè tou 2, yo pap ka bare w.
Naval
2- Yon modèl mantal sou biznis (Of ak demand)
Imajine yon sal kote 100 moun chita.
Si tout moun swaf nan sal la, e chak moun vle yon boutèy dlo,
Nou ka di gen demand pou 100 boutèy dlo.
Si gen 500 boutèy dlo disponib,
Se sa ki rele of la. Sa ki la pou konble demand lan.
Of la plis ke demand lan,
Pri boutèy dlo yo pap two wo.
Poutan,
Si menm 100 moun sa te swaf,
Epi te gen 20 boutèy dlo disponib ,
Ou ka imajine nan ki pri yo te ka fikse boutèy dlo sa yo.
Paske gen plis moun ki bezwen ke sa ki disponib.
Sa se youn nan eleman ekonomik ki ede fikse pri yon pwodui.
1- Ekri yon moun ou sonje (oubyen anvi pale avèl)
Sa se yon challenge paw pou semèn sa.
Nou tout gen yon moun nou sonje,
Oubyen yon moun ou anvi pale avèl,
men nou pa janm gentan fè yo konn sa.
Poutan,
Yon grenn mesaj ka fè jounen yon moun bèl.
Kontakte moun sa w sonje oubyen anvi pale avèl la.
Si yo pa reponn,
Lavi w ap toujou menm jan li ye jodia.
Si yo reponn,
Wap gen chans komanse yon konvèzasyon.
E anpil bagay ki reyalize komanse ak yon grenn konvèzasyon.
Ou pa janm konnen.
PS: Felisitasyon,
Paske w li rive jis nan fen an.
Sa montre ou fè pati de moun ki renmen fini sa yo kòmanse.
Jan de moun ki dwe dekouvri sam pral di w la avan.
Nap lanse yon kominote,
Mwen poko ap bay non an,
men mwen ka di w kisa lap ye.
Se pap yon gwoup whatsapp.
Se pap yon chanèl telegram.
Se pral yon espas kote w ka aprann epi metrize domèn dijital yo,
Pale ak lòt moun ki enterese ak domèn sa yo tou.
Lap peyan, men lap koute mwens kòb ke yon tikè pwogram.
Si w vle fè pati de premye moun ki konnen lè lap lanse, epi rezève plas ou.
Respè,
Duvenson