Li evidan.
Mwen renmen aprann.
E si w menm jan avèm, wap renmen sa’m pral pataje yo.
Atik sa rele 7:01,
7 eleman kap ede w:
lide, resous, challenge, liv, atik, videyo, elatriye…
Banm eksplike w:
Semèn ki sot pase a re-aprann mwen yon gwo leson.
Mwen di re-aprann, paske mwen te kòmanse remake li avan sa.
Li se youn nan rezon ki fè anpil moun soufri plis nan lavi yo.
E li se 7èm ak dènye eleman wap dekouvri nan atik sa.
Men rès yo…
(Yo gen nimewo men yo pa nan lòd)
1.Yon quote mwen renmen:
“Fiti pozitif ou a kòmanse nan moman sa menm. Tout sa w posede se kounya. Tout objektif ou yo posib a pati de moman sa” -Lao Tzu
“Your own positive future begins in this moment. All you have is right now. Every goal is possible from here.” – Lao Tzu
Gen moman ki konn rive,
mwen pa renmen jan map avanse a.
E mwen konn ap reflechi sou kisa ki te mal pase, kisa poum chanje, kisa poum amelyore…
Pwoblèm sa rezoud lèm dekouvri quote sa.
San mwen pa enkyete’m de sa ki pase deja,
San mwen pa blame tèt mwen pou erè ki deja fèt.
Mwen pran poz epi mwen rekòmanse a zewo.
Se youn nan rezon ki fè mwen renmen mete li sou ekran telefòn mwen.
Pou mwen sonje, menm si’m te finn fè yon erè, mwen ka deside pran yon direksyon pozitif.
Paske se nan moman sa avni mwen kòmanse,
Si m fokis sou chanje aksyon map fè nan moman, map ka chanje avni’m tou.
Aksyon pozitif = Rezilta pozitif.
2. Yon epizòd podcast mwen te renmen:
Si w pale anglè, wap renmen epizòd sa sou kijan pesimis afekte nou.
3. Yon videyo (funny) mwen renmen:
KLIKE LA Li sou YouTube.
4. Yon pèsonalite mwen dekouvri:
Mark Twain.
Mwen te konn tande non an souvan.
Men mwen pat janm gen chans dekouvri pèsonalite a.
Yo konsidere li kòm “Papa literati ameriken”
5. Yon liv map li semèn sa:
Deep work - CAL NEWPORT
6. Yon challenge pou semèn nan:
Ki bon abitid ou anvi devlope, men w poko janm gen chans kòmanse?
- Egzèsis?
- Lekti?
- Priye?
- Medite?
- Ekri?
Nenpòt sa li ta ye pou ou, menm si se pou 5 minit, kòmanse kounya.
Lè w fini, wap santi w byen, e lap ede w gen plis ankourajman pou w kontinye.
5 minit sèlman.
7. Yon leson mwen aprann semèn sa:
”Misery loves company.”
”Mizè renmen —konpayi—lè li pa poukont li”
Majorite moun ki nan move sitiyasyon konn pa wè sa mal, jis paske yo gen moun ki nan menm sitiyasyon an avèk yo.
Yon elèv ki pa pase ap santil pi alèz, jis paske tout zanmi’l yo pa pase tou.
Si li te poukont li, sa tap ankouraje li fè efò, men lè li gen moun avèl nan pwoblèm nan, li santil konfòtab paske li pa poukont li.
Soufrans pi akseptab lè w pa poukont ou. Men sa se yon pyèj, paske li konn retire anvi pou w goumen ak soufrans lan tou. Lè sa, menm si w te gen kapasite pou w chanje sitiyasyon an, ou chwazi rete nan menm pozisyon an, paske w pa poukont ou.
Depi rezilta pa bon, pa tolere’l, menm si se pa sèl ou ki jwenn move rezilta.
Sispann akonpanye la mizè.
Paske sa se yon rezon ki ka fè w soufri plis,
E li fasil pou w pran ladan’l.
Respè,
Duvenson METELLUS
PS: Si w li rive nan fen an,
reponn email sa oubyen kòmante atik la ak yon leson, liv, videyo…
Nenpòt sa w renmen ke w anvi pataje avèm epi lòt moun.
Nouvo abitid la ap priye ak medite
Bon travay